An-Kreyòl

7.00$

De Euvrard St-Amand

Langue : Créole

43 Pages

Editeur : Kopivit – L’Action Sociale

Code : 438

Nan tout peyi sou latè, pou yon moun di sosyete, gen yon pakèt kesyon ki dwe jwenn repons, tankou espas, sa vle di yon kote moun yo ap viv, yon kilti elatriye. Se anndan kilti sa a menm ou jwenn lang lan ki se youn nan eleman ki jwe wôl siman ki soude moun yo youn ak lèt, ki fè yo sanble.

Se vre nan anpil peyi sou latè yo pale plizyè lang, nou ka pran egzanp anpil peyi nan kontinan Afrik la, men kanmenm gen yon lang kote ya p pale li tout moun konprann. Se nan sans sa a nan peyi Ayiti konstitisyon an rekonèt de lang ofisyèl: franse ak kreyòl, li klè tankou dlo kokoye jiska jounen jodi a majorite popilasyon an pa pale alevwa pou ta konprann franse, men tout Ayisyen kelkeswa kote li ye pale kreyò|, sa tèlman vre, se tout tan ou tande yo di kreyòl se lang manman ak papa nou.

Kôm lang manman ak papa nou, li klè manke refleksyon ki fèt sou kreyèl la, poutan se yon lang ki charye anpil istwa dèyè li, yon lang ki gen anpil nannan. Dabò fòk nou di se pa Sèlman nan peyi Ayiti moun pale kreyòl menmsi Ayiti se peyi kote plis moun pale lang sa a. Yo pale kreyòl sou zile Matinik, Gwadloup, Sèchèl elatriye ( n ap wè sa pi devan). Nan liv sa a nou pral wè kòman kreyòl pale nan peyi Ayiti ak lòt zòn nan karayib la.

Rupture de stock

Catégorie : Étiquette :