Lagonav parabòl move tan

5.00$

De François Nau

Langue : Créole

12 Pages

Éditeur : JEBCA Éditions

Code : 719

Chaje etranje ki vle ede nou soti nan mizè san ipokrizi. Chaje Ayisyen parèy nou ki angaje nan batay sa a, plen lòt ki vle antre ladan li. Sonje se pa ak lajan sèlman moun ka ede nou. Men, sonje tou pa santi necesite pou sitiyasyon nou chanje, pa gen moun ki kapab fè n chanje li. Menm lè yo ta fòse nou, se tan y ap pèdi. Pami moun ak òganizasyon k ap ede Lagonav yo, m vle voye yon gwo kout chapo maten pou « La Gonave Haiti Patnership » ki te mennen m vin fè konesans ak moun k ap viv sou zile a. Liv sa a se youn nan plizyè lòt liv ki ta dwe soti nan fòm sa a. Istwa ki kouche ladan l lan gen pou wè ak anpil moun Lagonav. M ekri li sitou pou sila yo ki kwè aprann li ak ekri gen valè nan lavi yon kretyen vivan.

4 en stock

Catégorie : Étiquette :