Description
Fréro Pierre fe yon travay remakab sou plan antwopolojik, istorik epi sosyal. Liv sila a ap angaje lektė yo yon fason yo pa ta janm rive imajine. Li pral mete yo sou tèt zótéy yo, devan koze ki gen avwa ak Iwa, vodoun ansanm ak eritaj kwayans yon fanmi ka kite pou pitit li.
Komisyon Literati ak Kilti Akademi Kreyòl Ayisyen an prezante Lakou Delivrans bay piblik la ak fyète. Nou swete lektė, kritik ak analis akeyi li ak menm motivasyon, noumenm nan komisyon an, nou te chwazi li a.
Michel-Ange Hyppolite (Kapten) Kowòdonatė Komisyon Literati ak Kilti Akademi Kreyòl Ayisyen.
