Description
Ayisyanite ak Kreyolite baze sou lojik ki vle vansman literati ak kilti kreyòl la, ansanm ak dwa lengwistik kreyolofòn yo ki dwe prezan nan tout chapant sosyal peyi a, nan tout domèn. Apwòch Placide la pote anpil repons pou anpil kesyon pansè ak desidè kontinye poze sou plizyè aspè nan politil lengwistik peyi a. Koze lang nasyonal la ansanm avèk fenomèn pil moun nan popilasyon an ki pa konn ‘a’ nan fèy patat la vin repoze anndan paj sa yo ankò.
Liv la pran rasin li nan esperyans pèsonèl ak pwofesyonèl Placide kòm fouyapòt, anseyan, defansè, espesyalis, epi lokitè lang lan. Nou ka santi wonf ak kout penso msye kòm espesyalis nan jan li trese tout entèraksyon ak tranzaksyon ki fèt ant kreyolofòn monoleng yo ak aktè prensipal ak desidè nan rès popilasyon an. Sepa sèlman yon zouti pou gran piblik la, men tou se yonn ki ap pwofite menm manm ki anndan Sosyete Koukouy yo tou.
Nan Ayisyanite ak Kreyolite, Jean-Robert Duré Placide layite yon latriye konsèp lang ak pozisyon sosyolengwistik ki p ap kite pyès endiferan. Mwen envite nou al dekouvri yo pou kont nou.
YVON LAMOUR, B.A., M.Ed., M.S.W.
JEAN-ROBERT DURÉ PLACIDE fèt Pòtoprens (Ayiti), jou 11 desanm 1950, nan zantray demanbre fanmi Dire / Duré, Lavale Jakmèl. Li fè etid klasik li yo nan École République du Libéria (Ayiti), nan Cégep de Rosemnont epi nan Université du Québec à Montréal (Kanada), kote li diplome nan Syans langay. Alfabetizasyon ak Achivistik.
Janwobè Plasid se pwofesè kreyòl epi pwofesè fransè retrete nan Commission Scolaire de Montréal. Li se manm Sosyete Koukouy, seksyon Kanada. Li se manm Sant N a rive. Epi li se manm aktif Akademi Kreyòl Ayisyen an.