Description
De Anderson Dovilas
Langue : Créole
66 Pages
Editeur : Edisyon Lagomatik
Code : 251
Ak dènye rekèy Anderson Dovilas sa a : “Pwèl Nan Zo”, Lalin Pwezi sispann leve nan yon sèl katye. Paske lektè nou yo bouke ak bouyon rechofe, refren ti bebe rechiya. Pawòl la ap vanse chimen l, li fè wout pou tout moun jwenn yon ti moso silab. Li se yon powèt djougan ki pa pote plim li pou bèl lank. Li se yon powèt maton ki mitonnen fon kè nou ak mo byen banda pou bande venn lanmou nou. Li di n onè, nous di l respè. Anderson Dovilas se powèt ki tann lè tout miray jeriko yon pèp fin kraze, li rekonstwi yo ak flit dèl mo. Epi li se rezilta rechèch estetik, yon don lasirèn ba li.