TWA POWÈM POU MOUNITE FLERI De GARY S. DANIEL

Le rendez-vous des peuples créoles
$19.95

De GARY S. DANIEL

EDISYON KOUKOUY

KOLEKSYON KOUKOUY

Langue: Créole

63 pages

Code: 069

 

1 en stock

Description

Gen yon latriye detay ki enterese nou mam zèv Gary s. DANIEL. Dabò se yon ekriven ki renmen pran risk. Risk pou peyi li. Ayiti ki pa janm soti nan lespri li e té sa tou pa janm kite Gary. Oté a montre li pa pasaje nan peyi kote li fèt la. Li se temwen yon tan k ap kannale. Se vre kèk sikonstas te fe li fezèl (deplase al viv nan yon lòt peyi), men anyen pa chanje nan chaj lanmou li genyen pou tè Papa Dessalines nan. Gen risk li pran se pou kreye pwòp teknik powetik li. Nou ka pran kòm egzamp. Foutbòl lavi, yon kalite pwezi k ap parade pandàn yo ap kesyone egzistans nou. Gary se yon nonm ki gen anpil pasyon nan metye li kòm powèt, kòm ekriven. Gary DANIEL ekri nan tout okazyon, li ekri toupatou. Li pa kite okenn evenman chape anba je li pou li pa ekri yon kichòv. Lòt aspè ki enterese nou lakay powèt la, se kapasite li genyen pou li jwe ak tout eleman ki nan antouraj li, nan nati a, nan lavi a, pou konstwi panse li.

Li te difisil anpil pou nou jwenn ki fason pou nou louvri baryè twa tèks sila yo. Sa nou rive dekouvri, nan Mabi lanmou, Louvri baryè ak Anba tonmèl, Gary DANIEL envite nou esperimante yon fòm egzistans, e se li menm ki pwopoze fòm egzistans sa. Se pa yon operasyon gwo ponyèt. Okontrè, oté a rale nou sou kòd, li utilize mo yo kòm chimen pou fè nou mache vin jwenn li. Nèg Gonbolyen pwofite fè yon travay ki enteresan anpil. Li tranpe imajinasyon li byen fon nan kotidyen pèp ayisyen an pou li ranmase materyo pou koud pwezi a. Sa ki lakòz, tank n ap antre nan tèks yo, se tank y ap mennen nou, y ap rale nou sou kòd. Ou pas ta di yon ladouskivyenkeniep. Nan esperyans sila, Gary DANIEL, nèg Okap, montre nou lavi ka bèl. E se pou sa menm. Sanmba di nou, nou gen dwa pou nou “Liminen nan kajou bwa debèn”